Nations Bible

2 Kings 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 2Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'. 3Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo. 4Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a. 5Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan. 6Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a. 7Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan. 8Prèt yo dakò pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pèp la ankò, lèfini pou yo pa reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan. 9Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan. 10Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak. 11Lè yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmèt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t'ap fè travay nan Tanp lan, 12bòs mason yo ak moun k'ap taye wòch yo. Yo achte bwa ak gwo wòch taye pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Se yo menm ki te fè tout kalite depans pou sa. 13Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fè gwo basin an ajan, kouto, bòl ak twonpèt yo, ni ankenn lòt bagay an lò osinon an ajan. 14Yo te renmèt tout lajan an bay moun ki te reskonsab travay yo pou yo te ka sèvi avè l' pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. 15Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye. 16Yo pa t' mete lajan ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal ak lajan ofrann moun fè pou peche yo fè san yo pa konnen nan bwat Tanp Seyè a. Se pou prèt yo li te ye. 17Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm. 18Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò. 19Tout rès istwa Joas ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo. 20Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a. 21Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Reign of Joash and the Temple Repairs

  • When temple repairs lagged into his twenty-third regnal year, Joash reorganized the collection system. Jehoiada the priest placed a wooden chest with a bored lid beside the altar, allowing the royal scribe and high priest to bypass the general priesthood and directly pay the carpenters, masons, and stonecutters.Sources: the Bible text itself · Jehoiada
  • After King Hazael of Aram captured the Philistine city of Gath and advanced toward Jerusalem, Joash averted a siege by handing over gold from the palace and temple treasuries, along with sacred items dedicated by his predecessors Jehoshaphat, Jehoram, and Ahaziah.Sources: the Bible text itself · Hazael · Gath
  • After a forty-year reign in Jerusalem, Joash was assassinated by his own servants at Beth-millo along the road to Silla, an otherwise unknown locality, and was buried in the City of David.Sources: the Bible text itself · Zabad · Silla

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 17, 18
  • Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verses 17, 18
  • Silla · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 20
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 21

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.