2 Corinthians 2
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fè nou lapenn ankò. 2Si pou m' ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m' kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo? 3Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou. 4Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil. 5Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn. 6Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li. 7Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l' nèt. 8Se poutèt sa, m'ap mande nou pou nou aji avè l' yon jan pou fè l' wè jan nou renmen li. 9Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou. 10Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lè m' fè sa, mwen fè l' pou nou devan Kris la, 11pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li. 12Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la. 13Men, kè m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan. 14Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la. 15Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. 16Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa? 17Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

Did you know?
Tears, Forgiveness, and the Journey through Troas
- Paul writes that he went to Troas to preach the gospel of Christ and that a door stood open for him in the Lord, yet he had no peace in his spirit because he did not find Titus there, so he said goodbye and went on to Macedonia. Troas was a city on the coast of Mysia, in the northwest of Asia Minor, named after ancient Troy, which lay about four miles to the north. In New Testament times Macedonia was a Roman province lying north of Greece.Sources: the Bible text itself · Troas · Macedonia
- Titus, whom Paul calls his brother, is the companion he did not find at Troas. He appears to have been a Gentile and was chiefly engaged in ministering to Gentiles. Paul sent him from Ephesus, where he was with Paul and Timothy, to Corinth to forward the church's contribution for the poor in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Titus
- Paul urges them to forgive and comfort the person who caused grief, so that he will not be overwhelmed by excessive sorrow, and so that Satan will not outwit them, since they are not unaware of his schemes. Satan means adversary or accuser. In the New Testament the name is used interchangeably with the devil, and it is so used more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org