Nations Bible

2 Corinthians 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Mwen blije ap vante tèt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin koulye a sou vizyon ak revelasyon Seyè a te ban mwen. 2Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.) 3Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen. 4Antan l' te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gen dwa repete. 5Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fèb. 6Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l' te wè sa m'ap fè, lè l' tande sa m'ap di. 7Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy. 8An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen. 9Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li. 10Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs. 11Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen. 12Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye. 13Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou? 14Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit. 15Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? 16Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti. 17Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou? 18Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an? 19Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. 20Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou. 21Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Revelations, a thorn, and Titus's visit

  • This chapter tells of a man in Christ who, fourteen years earlier, was caught up to the third heaven and to Paradise and heard things too sacred for words, which a person is not permitted to tell. Paul says he will boast about that man, not about himself, except in his weaknesses; he also says that, because of these surpassingly great revelations, he was given a thorn in the flesh, which he never names.Sources: the Bible text itself
  • Paul calls the thorn a messenger of Satan, given to torment him, and says he pleaded with the Lord three times that it be taken away. The name Satan means adversary or accuser; Easton's Bible Dictionary (1897) notes that in the New Testament it is used interchangeably with the devil, and is so used more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan
  • Paul says he urged Titus to visit them and sent our brother with him, then asks whether Titus exploited them in any way. Easton's Bible Dictionary (1897) says Titus appears to have been a Gentile whom Paul refused to have circumcised, and that Paul sent him from Ephesus to Corinth to forward the church's collection for the poor saints in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Titus

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.