2 Chronicles 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè wa Salomon te fin fè travay bati tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l', te ofri bay Seyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan. 2Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan. 3Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon. 4Lè tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a, 5yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay yo te mete ladan l' apa pou Seyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo. 6Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil. 7Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo. 8Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo. 9Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou. 10Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Seyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. 11Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis. 12Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (0120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt. 13Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt. 14Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
Did you know?
Bringing the Ark into the Temple
- Solomon assembled Israel's leaders in Jerusalem to transfer the ark of the covenant from Zion, also known as the City of David, into the temple's inner sanctuary, the Most Holy Place. At this time, the ark contained only the two stone tablets that Moses had placed inside at Horeb.Sources: the Bible text itself · Zion · Most Holy Place · Moses
- The musical celebration at the dedication brought together the chief Levitical choir masters—Asaph, Heman, and Jeduthun—and their kin, dressed in fine linen and playing cymbals, harps, and lyres, accompanied by 120 priests sounding trumpets.Sources: the Bible text itself · Asaph (Levite) · Heman · Jeduthun (Ethan)
- As the singers and trumpeters praised God with one voice, a dense cloud filled the temple, so overwhelming the sacred space that the priests could not stand to perform their ministry.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Most Holy Place · Today: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · verse 7
- Holy Place · Today: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · verses 9, 11
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 10
- Mount Horeb · Today: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · verse 10
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org