2 Chronicles 35
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la. 2Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l' byen. 3Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a. 4Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l' la. 5N'a rete kote yo mete apa nèt pou Seyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 6Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou. 7Apre sa, Jozyas pran trantmil (030.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (03.000) bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan. 8Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (02.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (0300) bèf pou yo touye pou fèt la. 9Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (05.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (0500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan. 10Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la. 11Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo. 12Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo. 13Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l' la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la. 14Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo. 15Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou. 16Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Seyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la. 17Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo. 18Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. 19Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a. 20Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l' pou anpeche l' pase. 21Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou. 22Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a. 23Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale. 24Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas. 25Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv. 26Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Seyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Seyè a, 27wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.

Did you know?
Josiah's Passover and Final Battle
- Josiah's grand Passover celebration in his eighteenth year of reign was described as unmatched since the days of Samuel the prophet, featuring vast donations of livestock by the king, officials, and Levite leaders.Sources: the Bible text itself · Josiah
- King Josiah instructed the Levites to place the holy ark permanently inside Solomon's temple so it would no longer need to be carried on their shoulders, enabling them to focus entirely on leading worship and preparing sacrifices for the assembly.Sources: the Bible text itself · Solomon
- When Pharaoh Neco of Egypt marched toward Carchemish on the Euphrates, Josiah confronted him on the plain of Megiddo in disguise, where he was fatally wounded by archers and later brought back to Jerusalem to be buried.Sources: the Bible text itself · Carchemish · Megiddo · Pharaoh-nechoh
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 17, 18, 24
- Holy Place · Today: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · verse 5
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 20
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 20
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 22
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org