2 Chronicles 31
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo. 2Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l' nan papòt Tanp Seyè a. 3Apre sa, li pran nan bèt ki pou li yo li bay pou yo boule nèt pou Seyè a chak maten, chak aswè, pou ofrann jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl ak pou lòt gwo jou fèt yo, jan sa ekri nan Lalwa Seyè a. 4Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la. 5Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen. 6Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a. Yo pote yo fè pil sou pil. 7Yo konmanse pote kado yo depi nan twazyèm mwa a rive sou setyèm mwa a. 8Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a. 9Lè sa a, Ezekyas pale ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo sou koze ofrann yo. 10Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la. 11Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare, 12li fè mete tout sa yo te pran sou rekòt yo, tout ladim yo ak tout bagay yo te mete apa pou Bondye yo ladan yo. Yo mete Konanya, yon moun Levi, chèf reskonsab ak Chimèyi, frè li, pou adjwen. 13Yo chwazi dis moun pou travay sou lòd Konanya ak Chimèyi, frè li a, dapre lòd wa a ak Azarya, prèt reskonsab Tanp lan, te bay. Se te Jeiyèl, Azaryawou, Nakat, Asayèl, Jerimòt, Jozaba, Eliyèl, Jismakya, Makat ak Benaja. 14Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a. 15Nan lòt lavil kote prèt yo rete a, men moun ki te toujou la pou ede Kore: Se te Edèn, Menjamin, Jechwa, Chemaja, Amarya ak Chekanya. Se yo menm ki pou te separe manje a bay moun Levi parèy yo, gran kou piti, dapre travay yo gen pou fè. 16Non sèlman yo te bay tout moun Levi ki te gen non yo pote nan rejis fanmi yo, depi sa ki gen twazan laj pou pi piti, pòsyon manje pa yo, men yo te bay chak gwoup moun Levi ki te travay nan Tanp Seyè a chak jou, dapre jou travay yo ak dapre travay yo gen pou fè. 17Prèt yo te enskri dapre fanmi yo. Men moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti, te enskri dapre travay pou yo fè ak jou pou yo travay. 18Yo tout te enskri ansanm ak pitit gason yo, pitit fi yo, madanm yo ak tout moun ki sou kont yo, pou yo te ka bay tout tan yo pou travay nan Tanp Bondye a. 19Yo te chwazi moun tou pou mete reskonsab separe manje bay tout prèt yo, moun fanmi Arawon yo, ak moun Levi ki te enskri nan rejis yo epi ki t'ap viv andeyò nan vwazinaj lavil prèt yo. 20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a. 21Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li.

Did you know?
Hezekiah Organizes the Priests and Offerings
- Following the celebration, the Israelites destroyed idolatrous shrines across Judah, Benjamin, Ephraim, and Manasseh. King Hezekiah then reorganized the priests and Levites into their divisions, contributed from his personal wealth for the regular burnt offerings, and instructed the people to provide tithes so the ministers could devote themselves to the Law of the LORD.Sources: the Bible text itself · Hezekiah
- The people brought such generous tithes and firstfruits of grain, new wine, oil, honey, and livestock that massive heaps accumulated between the third and seventh months. Azariah, the chief priest from the household of Zadok, reported that there was an abundance left over, prompting Hezekiah to order the preparation of storerooms in the temple.Sources: the Bible text itself · Azariah · Zadok
- Officials including the Levites Conaniah, his brother Shimei, and Kore, the keeper of the East Gate, were appointed to manage and distribute the contributions faithfully. Portions were supplied not only to the temple ministers in Jerusalem, but also to priests, Levites, and their families in surrounding cities according to their registered genealogies.Sources: the Bible text itself · Cononiah · Shimei
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org