2 Chronicles 27
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 2Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo. 3Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la. 4Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo. 5Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (03.300) kilo ajan, senkantmil (050.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne. 6Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a. 7Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo. 8Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. 9Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Did you know?
The Reign of King Jotham
- While Jotham followed his father Uzziah's good examples, the text explicitly notes that he did not enter the temple of the Lord, avoiding the prideful trespass that had resulted in Uzziah being struck with leprosy.Sources: the Bible text itself · Uzziah · Jotham
- Jotham carried out significant defensive works, rebuilding the Upper Gate of the temple and fortifying the wall of Ophel, the promontory on the southern slope of the temple hill between the Tyropoeon and Kidron valleys.Sources: the Bible text itself · Ophel
- Under Jotham's leadership, Judah defeated the Ammonites and forced them to pay an annual tribute of one hundred talents of silver, ten thousand cors of wheat, and ten thousand cors of barley for three consecutive years.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 8
- Ophel · 31.775, 35.236 · verse 3
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 5
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org