2 Chronicles 25
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. 2Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li. 3Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'. 4Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè. 5Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (0300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj. 6Lèfini, li pran sanmil (0100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (0300) kilo ajan pou yo goumen pou li. 7Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo. 8Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la. 9Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa! 10Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim yo mete kò yo sou kote, li voye yo al fè wout yo lakay yo. Men sòlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutèt sa. Yo tounen lakay yo byen move. 11Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil (010.000) moun mòn Seyi. 12Sòlda peyi Jida yo fè dimil (010.000) prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze. 13Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l' yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil (03.000) moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale. 14Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo. 15Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou? 16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen. 17Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l': -Vini non! Ann wè sa ki pi fò! 18Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mòn Liban an voye yon misyon bay yon pye sèd. Li di l': Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an. 19Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a? 20Men Amasya derefize koute l'. Paske se te volonte Bondye pou l' te lage l' nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo. 21Se konsa Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida. 22Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo. 23Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la. 24Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a sou kont Obèd-Edon, ak tout richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Samari. 25Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 26Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 27Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'. 28Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la.

Did you know?
The Reign of Amaziah
- When King Amaziah executed the officials who had murdered his father, he spared their sons, citing the Law of Moses where each person must die only for their own sin rather than the sins of their parents.Sources: the Bible text itself · Amaziah
- Amaziah was the first king of Judah recorded as hiring a mercenary force of 100,000 northern Israelite soldiers. When a prophet commanded him to send them away, the dismissed troops reacted furiously by raiding cities of Judah from Samaria to Beth-horon.Sources: the Bible text itself · Amaziah · Beth-horon
- After defeating the Edomites in the Valley of Salt, Amaziah challenged King Jehoash of Israel, who warned him through a fable of a thistle demanding an alliance with a cedar of Lebanon before being trampled by a wild beast.Sources: the Bible text itself · Joash · Valley of Salt
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 23, 27
- Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 13
- Samaria · 32.276, 35.195 · verses 13, 24
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 18
- Edom · 30.746, 35.604 · verses 19, 20
- Corner Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 23
- Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 23
- Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 27
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 28
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org