2 Chronicles 19
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'. 2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil. 3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye. 4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a. 5Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt. 6Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman. 7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. 8Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt. 9Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè. 10Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm. 11Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.

Did you know?
Jehoshaphat's Reforms and the Judicial System
- When King Jehoshaphat returned to Jerusalem, the prophet Jehu son of Hanani confronted him for aiding King Ahab of Israel. Jehu's father, Hanani, had similarly rebuked Jehoshaphat's father, King Asa, for entering into an alliance with the king of Syria.Sources: the Bible text itself · Jehu · Hanani · Jehoshaphat
- As part of his judicial reforms in Jerusalem, Jehoshaphat appointed a high court comprising Levites, priests, and clan heads. He established two distinct spheres of oversight: Amariah the chief priest presided over matters pertaining to the LORD, while Zebadiah son of Ishmael directed matters concerning the king.Sources: the Bible text itself · Amariah · Zebadiah
- Jehoshaphat personally traveled throughout his realm, described as stretching from Beersheba in the south to the hill country of Ephraim in the north, to lead the population back to worshiping God.Sources: the Bible text itself · Beersheba
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org