1 Thessalonians 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Frè m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou. 2Nou konnen tou sa m' te moutre nou, avèk otorite Seyè Jezi te ban mwen an. 3Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. 4Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye. 5Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye. 6Nan bagay sa a, ankenn gason pa dwe fè frè l' lapenn, ni fè l' lenjistis. Mwen deja di nou sa, mwen te ban nou kont avètisman sou sa: Seyè a gen pou peni moun ki fè bagay konsa. 7Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. 8Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute. 9Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt. 10Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frè m' yo, pou nou chache viv pi byen toujou. 11Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. 12Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pesonn. 13Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. 14Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. 15Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. 16Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. 17Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a. 18Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.

Did you know?
Holiness, Love, and Hope for the Dead
- This chapter notes that its readers were already showing love to all the brothers throughout Macedonia. In New Testament times Macedonia was a Roman province lying north of Greece, governed by a propraetor with the title of proconsul. Paul was summoned by a vision of the "man of Macedonia" to preach the gospel there.Sources: the Bible text itself · Macedonia
- The chapter speaks of the dead as people who sleep or have fallen asleep, and it asks the readers not to grieve like the rest, who have no hope. Because Jesus died and rose again, it says, God will bring with Jesus those who have fallen asleep in him; the dead in Christ will rise first, and then those still alive will be caught up with them in the clouds to meet the Lord in the air.Sources: the Bible text itself
- The readers are urged to aspire to a quiet life, to attend to their own matters, and to work with their own hands, as they had already been instructed. The chapter presents this as the way to behave properly toward outsiders and to avoid being dependent on anyone.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 10
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org