1 Samuel 29
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la. 2Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l' yo ansanm ak Akich. 3Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a. 4Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li. 5Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil. 6Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wè ou la avè m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans. 7Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande! 8David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m' fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo? 9Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la. 10Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou. 11Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.
Did you know?
David Dismissed by the Philistine Commanders
- Achish, the Philistine ruler who had granted David refuge and assigned him Ziklag, placed complete trust in David's loyalty. However, the Philistine commanders feared that David would turn against them during battle to regain King Saul's favor, insisting that he be sent away before the conflict began.Sources: Achish · the Bible text itself
- The Philistines assembled their armies at Aphek while Israel camped by the spring in Jezreel. Aphek served as a strategic staging ground for Philistine military expeditions heading north toward the Jezreel Valley.Sources: Aphek · the Bible text itself
- The Philistine lords recognized David by quoting the famous victory song that had originally stirred Saul's jealousy: 'Saul has slain his thousands, and David his tens of thousands.'Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Aphek · Today: Tell Ras el Ain · 32.105, 34.930 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org