Nations Bible

1 Samuel 18

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li. 2Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò. 3Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li. 4Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'. 5Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi. 6Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan. 7Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil. 8Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (010.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa! 9Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je. 10Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'. 11Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan. 12Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a. 13Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen. 14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li. 15Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd. 16Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a. 17Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm. 18David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fè pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m' marye ak pitit fi wa a? 19Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola. 20Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y' al di Sayil sa, bagay la te fè l' plezi. 21Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen. 22Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lòd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a. 23Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'. 24Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a. 25Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo. 26Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la, 27David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (0200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David. 28Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou, 29Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri. 30Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David's Success and Saul's Jealousy

  • Jonathan, the eldest son of King Saul, formed a close bond with David and made a covenant with him. To seal this friendship, Jonathan gave David his own royal robe, tunic, sword, bow, and belt.Sources: Jonathan · the Bible text itself
  • The public celebration of David's military victories provoked Saul's enduring jealousy. When women from the cities of Israel sang that Saul had slain thousands while David had slain tens of thousands, Saul grew suspicious and feared losing his kingdom to him.Sources: the Bible text itself
  • Although Saul initially promised his eldest daughter Merab to David, she was given in marriage to Adriel of Meholah. Saul then offered his younger daughter Michal, demanding a bride-price of one hundred Philistine foreskins in the hope that David would be killed in battle.Sources: Merab · Michal · Adriel · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.