1 John 5
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou. 2Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. 3Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa. 4Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. 5Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a. 6Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t' vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm. 7Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. 8Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò. 9Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a. 10Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. 11Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. 12Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. 13M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an. 14Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. 15Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la. 16Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo. 17Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò. 18Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen. 19Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan. 20Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an. 21Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Did you know?
Faith, Testimony, and Life
- This chapter says that everyone who believes Jesus is the Christ has been born of God, and that loving the Father also means loving those born of him. It describes love for God as keeping his commandments, which are not burdensome, because everyone born of God overcomes the world, and it calls that victory faith in Jesus as the Son of God.Sources: the Bible text itself
- Jesus Christ is said to have come by water and blood, not by water alone, and the Spirit is said to testify to this because the Spirit is the truth; the chapter does not explain here what the water and the blood are. It names the Spirit, the water, and the blood as three that testify in agreement, and calls God’s testimony about his Son greater than human testimony: God has given us eternal life, and this life is in his Son. The writer says he wrote these things so that those who believe in the name of the Son of God may know that they have eternal life.Sources: the Bible text itself
- Readers are told to ask God for a brother who commits a sin that does not lead to death, while the writer says he is not telling them to ask about a sin that does lead to death. He does not name either sin, though he says that all unrighteousness is sin and that there is sin that does not lead to death. The chapter ends by telling little children to keep themselves from idols.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org