1 John 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye. 2Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a. 3Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l' pou l' pa t' fè sa ki mal. 4Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. 5Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche. 6Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li. 7Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. 8Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. 9Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. 10Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. 11Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt. 12Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pa t' bon, men sa frè l' t'ap fè a te dwat devan Bondye. 13Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou. 14Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri. 15Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li. 16Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo. 17Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. 18Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè. 19Se konsa n'a konnen nou se moun laverite a. Se konsa n'a santi nan kè nou nou pa gen kè sote devan Bondye. 20Paske, si konsyans nou kondannen nou, nou konnen Bondye pi fò pase konsyans nou, li konn tout bagay. 21Konsa, zanmi m' yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye. 22Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi. 23Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la. 24Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

Did you know?
Children of God and brotherly love
- The warning not to be like Cain recalls Adam and Eve's firstborn, a tiller of the ground, whose brother Abel followed a pastoral life. They presented offerings: Abel's, of the firstlings and the fat of his flock, was accepted as more excellent, and Cain, whose offering was of the fruit of the ground, became very angry. The letter says Cain belonged to the evil one and murdered Abel because his own deeds were evil and his brother's were righteous.Sources: Cain · the Bible text itself
- In this chapter, hating a brother is treated as murder: everyone who hates his brother is a murderer, and eternal life does not reside in a murderer. Love is known because Jesus laid down his life for us, and the readers are told they ought to lay down their lives for their brothers.Sources: the Bible text itself
- The children of God are distinguished from the children of the devil by practicing righteousness and by loving one's brother. The message heard from the beginning is that we should love one another, and God's commandment is to believe in the name of his Son, Jesus Christ, and to love one another as he commanded.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org