1 Corinthians 8
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon. 2Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an. 3Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li. 4Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen. 5Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre), 6pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou. 7Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a. 8Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite. 9Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche. 10Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. 11Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a. 12Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. 13Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.
Did you know?
Food Sacrificed to Idols
- The chapter opens by setting knowledge beside love: knowledge puffs up, but love builds up. It says that the one who thinks he knows something does not yet know as he ought to know, while the one who loves God is known by God.Sources: the Bible text itself
- About eating food sacrificed to idols, the chapter says that an idol is nothing at all in the world and that there is no God but one, though many so-called gods and lords are spoken of. Not everyone has this knowledge: some are still so accustomed to idols that they eat such food as if it were sacrificed to an idol, and their weak conscience is defiled.Sources: the Bible text itself
- The chapter warns that freedom can become a stumbling block to the weak. If someone with a weak conscience sees a well-informed person eating in an idol’s temple, that person may be encouraged to eat food sacrificed to idols. The writer says that if what he eats causes his brother to stumble, he will never eat meat again.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org