1 Corinthians 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la. 2Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou. 3Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la. 4Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la. 5Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale. 6Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou. 7Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. 8Paske, se pa t' avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. 9Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan. 10Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. 11Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. 12Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye. 13Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye? 14Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont. 15Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li. 16Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis. 17Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen. 18Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. 19(Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) 20Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje. 21Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè. 22Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! 23Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen, 24lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. 25Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen. 26Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an. 27Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. 28Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. 29Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. 30Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. 31Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. 32Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo. 33Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt. 34Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.

Did you know?
Covered heads and the Lord's Supper
- The chapter sets out an order of head: the head of every man is Christ, the head of the woman is man, and the head of Christ is God. It also says that in the Lord neither woman nor man is independent of the other, because woman came from man and man is born of woman, and everything comes from God. When they pray or prophesy, a man with his head covered dishonors his head, and a woman with her head uncovered dishonors her head, as if it were shaved; she ought to have a sign of authority on her head because of the angels, and the churches of God are said to have no other practice.Sources: the Bible text itself
- The writer offers no praise for their gatherings, which he says do more harm than good. He has heard that divisions appear when they come together as a church, and in part he believes it; each person goes ahead without sharing, so one remains hungry while another gets drunk, and therefore it is not the Lord's Supper they eat. He tells them to wait for one another and, if anyone is hungry, to eat at home, so that coming together will not result in judgment.Sources: the Bible text itself
- He says he received from the Lord what he also passed on: on the night he was betrayed, the Lord Jesus took bread, gave thanks, broke it, and said it was his body, for them; after supper he took the cup and called it the new covenant in his blood, to be done in remembrance of him. As often as they eat this bread and drink this cup, they proclaim the Lord's death until he comes. Whoever eats or drinks in an unworthy manner is guilty of sinning against the body and blood of the Lord, so each person must examine himself, because eating and drinking without recognizing the body brings judgment.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org