1 Chronicles 7
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon. 2Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan (022.600) moun nan branch fanmi sa a. 3Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi. 4Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (036.000). 5Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (087.000) gason antou, tout vanyan sòlda. 6Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl. 7Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (022.034) moun nan fanmi yo. 8Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda. 9Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (020.200) gason antou sou zòd yo. 10Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka. 11Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (017.200) gason bon pou fè lagè. 12Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè. 13Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila. 14Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. 15Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. 16Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm. 17Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase. 18Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla. 19Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam. 20Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka 21ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo. 22Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj. 23Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la. 24Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou. 25Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan. 26Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama 27ki te papa Noun. Noun te papa Jozye. 28Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. 29Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv. 30Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera. 31Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit. 32Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa. 33Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat. 34Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram. 35Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal. 36Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra, 37Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera. 38Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara. 39Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya. 40Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (026.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.

Did you know?
Genealogies of the Northern Tribes
- The genealogy of Ephraim highlights a woman named Sheerah, who is credited with building Upper and Lower Beth-horon as well as Uzzen-sheerah. These strategic settlements were situated along the mountain pass leading down toward the coastal plain.Sources: Beth-horon · Uzzen-sheerah · the Bible text itself
- A brief narrative recounts that Ephraim's sons Ezer and Elead were killed by the natives of Gath during an attempt to steal livestock. Ephraim mourned their loss for many days before his relatives came to comfort him, and his next son was named Beriah because of the tragedy.Sources: Gath · the Bible text itself
- The chapter traces the lineage of Ephraim down to Joshua the son of Nun, placing the prominent leader of the conquest within his tribal ancestry alongside figures such as Elishama and Ammihud.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Lower Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 24
- Upper Beth-horon · Today: Beit Ur al Fauqa · 31.886, 35.114 · verse 24
- Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verse 28
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 28
- Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 29
- Taanach · Today: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · verse 29
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org