1 Chronicles 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. 2Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. 3Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'. 4Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan. 5Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon. 6Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt, 7Noga, Nefèg, Jafya, 8Elichama, Elyada, Elifelèt. 9David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama. 10Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa, 11Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas, 12Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam, 13Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase, 14Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. 15Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum. 16Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas. 17Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, 18Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. 19Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit. 20Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd. 21Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya. 22Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat. 23Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam. 24Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.
Did you know?
The Line of David and the Kings of Judah
- The chapter divides David's immediate offspring by his two capitals. Six sons were born during his seven and a half years reigning in Hebron—including his firstborn Amnon and Absalom, whose mother was from Geshur—and fourteen more sons were born after he established his capital in Jerusalem, including Solomon.Sources: the Bible text itself · Amnon · Geshur
- The genealogy tracks the royal line of Judah through Solomon down to King Josiah and his sons, including Jehoiakim and Zedekiah. It explicitly identifies King Jeconiah (Jehoiachin) as the captive carried away to Babylon.Sources: the Bible text itself · Solomon · Josiah · Jehoiachin
- The lineage continues past the Babylonian exile through Jeconiah's descendants, including Zerubbabel, son of Pedaiah. The list records several further post-exilic generations down to Elioenai and his sons, documenting the survival of the Davidic line after the fall of the monarchy.Sources: the Bible text itself · Pedaiah · Hananiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 1, 4
- Geshur · 32.767, 35.700 · verse 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 4, 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org