Nations Bible

1 Chronicles 20

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'. 2Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la. 3Li pran moun ki te rete nan lavil la, li mete yo fè travay ak goyin, wou ak rach. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil peyi Amon an. Apre sa, David tounen lavil Jerizalèm ak tout moun li yo. 4Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo. 5Pandan yon lòt batay ak moun Filisti yo ankò, Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Lami an te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon. 6Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. 7Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'. 8Kat sòlda peyi Filisti sa yo te soti nan ras moun Arafa yo, nan lavil Gat. David ak sòlda li yo touye yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Conquest of Rabbah and the Fall of Giants

  • Rabbah was the chief city of the Ammonites, located among the hills east of the Jordan River. Joab led David's army to lay siege to the fortified city in the spring, which was the customary time of year for military campaigns.Sources: Rabbah · Joab · the Bible text itself
  • The Philistine city of Gath, renowned in biblical accounts as the hometown of Goliath, was linked to several formidable warriors. The text describes multiple battles where David's men defeated descendants of Rapha, including Lahmi and an unnamed warrior with twenty-four digits.Sources: Gath · Goliath · the giant in Gath · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ammon · 31.955, 35.934 · verses 1, 3
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 3
  • Rabbah · Today: Amman · 31.955, 35.934 · verses 1, 2, 3
  • Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verse 4

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.