1 Chronicles 17
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye. 2Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l' paske Seyè a kanpe la avèk ou. 3Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l' konsa: 4-Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete. 5Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye. 6Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen. 7Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an. 8Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. 9Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an, 10lè mwen te mete jij chèf yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. 11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm. 12Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan. 13M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan. 14M'ap mete l' chèf lakay mwen ak nan gouvènman mwen an pou tout tan. M'ap fè gouvènman fanmi li an kanpe fèm pou tout tan. 15Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an. 16Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou? 17Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m' tankou yon grannèg, Seyè sèl Mèt la. 18Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. 19Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l' konsa, Seyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo. 20Seyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. 21Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la. 22Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo. 23Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. 24Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou. 25Se ou menm, Bondye mwen, ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou. 26Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo. 27Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Did you know?
God's Promise to David
- When David considered that he lived in a palace of cedar while the ark of the covenant remained under a tent, he intended to build a temple for God. Instead, God responded by promising that rather than David building a house for Him, God would establish an enduring royal house and dynasty for David.Sources: the Bible text itself
- Nathan was an influential prophet during the reigns of David and Solomon, appearing here to deliver God's covenant concerning the future dynasty and temple. Biblical records note that Nathan also participated in Solomon's coronation and authored historical accounts of both monarchs' reigns.Sources: Nathan · the Bible text itself
- In the divine message delivered by Nathan, the Lord recalled taking David from following sheep in the pastures to lead Israel. This humble background as a young shepherd on the uplands of Judah highlighted the dramatic elevation of his family to royal rule.Sources: David · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org