1 Chronicles 10
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. 2Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt. 3Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. 4Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li. 5Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil. 6Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l' yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. 7Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo. 8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a. 9Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. 10Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an. 11Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, 12tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje. 13Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', 14pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.

Did you know?
The Fall of Saul and Transition to David
- The Philistines defeated Israel on Mount Gilboa, killing King Saul's sons Jonathan, Abinadab, and Malchi-shua. After Saul took his own life, the Philistines stripped his armor to place it in the temple of their gods and fastened his head in the temple of Dagon, their national deity.Sources: the Bible text itself · Dagon · Mount Gilboa · Jonathan
- Upon hearing how the Philistines treated Saul, valiant men from Jabesh-gilead traveled to retrieve the bodies of Saul and his sons. They carried them back to Jabesh, buried their bones under a large oak tree, and observed a seven-day fast.Sources: the Bible text itself · Jabesh-gilead
- The Chronicler summarizes Saul's downfall as a consequence of unfaithfulness to the LORD, including his failure to inquire of God and his consultation of a medium. This tragic end sets the stage for the kingdom to be transferred to David, the son of Jesse.Sources: the Bible text itself · David · Jesse
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · verses 1, 8
- Valley of Jezreel · Today: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · verse 7
- Philistia · 31.664, 34.546 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org